sonnenlanbi

Lang kreyòl se pa nou , se nou ki pou mete l pi wo

Ann sonnen lanbi Pou nou leve eskanp figi lang kreyòl la

(120 gentan entegre)

Kiyès nou ye ?

Nou se vwa k ap sonnen pou Kreyòl la


Sonnen Lanbi se yon òganizasyon ki pran nesans pou leve vwa pèp la, pou ranfòse lang Kreyòl nan lekòl yo, nan literati, ak nan lavi chak jou. Nou kwè lang lan se zam libète nou, se rasin idantite nou, e se zouti pou bati yon avni ki pi klè.

Nou devlope resous elektwonik, zouti ansèyman ak fòmasyon pou ede pwofesè, elèv, ak piblik la metrize gramè ak bon itilizasyon Kreyòl.

Nou ankouraje ekriti, liv, ak kreyasyon an Kreyòl, paske chak paj se yon vwa k ap chante fyète nou.

3 rezon ki fè ou ta dwe patisipe

Chak moun ki rantre nan mouvman an pote yon ti moso fòs ki fè lanbi a sonnen pi fò. Patisipasyon ou se pa sèlman yon sipò pou lang Kreyòl, men yon fason pou w kontribye nan edikasyon, nan chanjman mantalite, ak nan liberasyon kiltirèl nou kòm pèp.

Defann idantite w

Patisipe vle di pran pozisyon pou lang ki pote memwa, rasin, ak verite pèp ayisyen an. Lè ou defann Kreyòl, ou defann tèt ou.

Detui prejije yo

Depi twòp tan, yo fè moun wont pale Kreyòl. Ansanm, nou ka kraze prejije sa yo epi ranplase yo ak diyite, respè, ak fyète kolektif.

Ekri yon lòt istwa

Patisipe vle di pran pozisyon pou lang ki pote memwa, rasin, ak verite pèp ayisyen an. Lè ou defann Kreyòl, ou defann tèt ou.

kiyès ki ka fè pati mouvman sa?

Kèk nan karateristik piba yo ta dwe dekriw , li seksyon anba ah  pou w ka dekouvri sa

Nasyonalis yo

Se tout moun ki kwè ke Ayiti pa ka egziste san Kreyòl. Yo wè lang lan kòm senbòl endepandans, zam libète, ak rèl lanbi ki te frape premye fwa nan 1804. Pou yo, patisipe nan Sonnen Lanbi se pa yon opsyon, se yon devwa. Nasyonalis yo se moun ki refize kite prejije fè yo wont pale lang manman yo, yo se moun ki kanpe dwat pou di: “Kreyòl se nasyon, se fyète, se diyite nou.”

Batisè avni yo

Yo se jèn yo, elèv, etidyan, pwofesè, ekriven, atis, ak kreyatè ki pote avni an nan men yo. Yo konprann ke san edikasyon nan lang manman an, timoun pa ka grandi ak tout potansyèl yo. Batisè Avni yo patisipe pou fè Kreyòl rantre nan liv, nan lekòl, nan literati, ak nan teknoloji modèn. Yo se jenerasyon ki pa pè sèvi ak plim, klavye, ak mikwofòn pou fè vwa Kreyòl la sonnen pi fò.

Entegre kominote a.

Poze yon pyon , pa pale mete la . men okontrè fè yon aksyon pou angaje w nan yon batay k ap bon pou tout yon pèp .

Kesyon ki plis popilè yo

Verifye pi ba ou pou w wè si repons ou t ap chèche a pa deja la deja.

Kilè pwojè yo ap kòmanse ?

Nou pa gen yon dat fiks sou kilè pwojè anh  ap demare , n ap chèche mwayen ekonomik, entèlektyèl pou nou ka lanse nou .

Nou pa genyen non, men lè nou kòmanse fè gwo progrè n ap ka fè sa .

Li fasil ale nan paj kontak la w ap jwenn tout enfòmasyon ki nesesè pou w jwenn nou .

Tout kòb nou resevwa ap la pou travay la kapab mache pi byen , nou pa gen okenn objektif fè lajan .

Scroll to Top